Maternity Center Virtual Tour - Haitian Creole

 

Byenvini nan vizit vityèl Sant Matènite nan UMass Memorial Medical Center!

 

Gade paj sa a nan lòt lang:

Español | Português | Tiếng Việt  | Shqip  | عربى | English 

 

Nou te òganize vizit sa a kòm yon mwayen pratik pou ou dekouvri Sant Matènite a nan konfò lakay ou. Kit ou ap prepare w pou w akeyi premye pitit ou oswa ajoute lòt nan fanmi w, eksperyans vityèl sa a ap ede w prepare pou jou ki devan w yo. Nou kontan dèske n ap fè pati moman eksitan sa a nan lavi ou! 

Dekouvri espas nou yo ki fèt avèk anpil swen, sòti nan sal swen tranche ak sal akouchman yo rive nan sal pòspatoum yo ak zòn swen espesyalize yo. Yon fwa ou fin antre nan vizit vityèl la, sèvi ak bouton pley ki anba agoch ekran an pou yon vizit otomatik oswa navige nan vizit la pou kont ou lè ou itilize zouti ki dekri pi ba yo. 

Navige nan vizit vityèl la

The registration icon shows a simple outline of a desk with a phone and person.

Meni Prensipal

Chwazi imaj “biwo enskripsyon” (registration desk) nan nenpòt ki zòn nan vizit la pou w tounen nan meni prensipal la.

A small blue circle signifies the target icon.

Ikòn Sib (Target Icon)

Klike sou ikòn “target” pou aprann plis konsènan atik/materyèl nan chak espas. 

A blue sash with the word Welcome.

Ikòn Akèy (Welcome Icon)

Chwazi “siy akèy” (welcome sign) la pou ou ka li plis sou chak espas.

Lè ou rive nan UMass Memorial Medical Center – Memorial Campus

  • 5 am  jiska 8 pm: Antre nan lopital la atravè antre prensipal la. Pran asansè ki nan Lès (“E”) la  pou ale nan 4èm etaj la.
  • 8 pm jiska 5 am:  Itilize pòt Depatman Ijans (Emergency Department) lan. Yon pwofesyonyèl swen ap eskòte ou nan Sant Matènite a.
  • Chofè ou a kapab depoze ou nan antre prensipal la oswa nan Depatman Ijans lan avan li ale nan yon espas paking.
  • Paking aksesib lib sèvis: Suiv pano yo pou prensipal pakin vizitè yo.
  • Paking avèk chofè: Disponib nan antre prensipal la pou yon pri fiks pa jou 5:30 am jiska 8:30 pm, Lendi jiska Vandredi; ak 8 am pou 8:30 pm, wikenn ak vakans.

Aprann plis sou paking ak direksyon

Donate to UMass Memorial Health

Learn more about giving to UMass Memorial Health