ABOUT US

You are here

Nou Poze Kesyon Paske Nou Sousye nou

View this page in other languages:
English | Español | Português | عربى | Tiếng Việt  | Shqip 

UMass Memorial Health angaje li pou li bay chak pasyan pi bon swen yo. Kanpay We Ask because We Care (Nou Poze Kesyon Paske Nou Sousye nou) nou an se yon fason pou pasyan nou yo pale nou de yo menm.

Nou poze oumenm — ak tout pasyan nou yo — kesyon sou ras ou, orijin etnik ou, lang ou, oryantasyon seksyèl ou, idantite seksyèl ou, andikap ou ak faktè sosyal sante w pou ede nou konnen w pi byen epi reponn ak bezwen espesifik ou yo.

Sa ou pataje yo prive epi lalwa pwoteje yo. Yo konsève nan dosye medikal ou a.

Ou pa oblije reponn kesyon sa yo. Se chwa ou. Nou poze w kesyon paske nsousye nou de ou ak tout pasyan nou yo.

Repons kesyon sa yo ba nou plis enfòmasyon sou divèsite popilasyon pasyan nou yo epi yo ede nou amelyore kalite swen n ap bay chak pasyan yo.

 

Poukisa nou poze kesyon sa yo?

Nou vle asire nou pou chak pasyan jwenn pi bon swen ki posib. Kesyon sa yo ede nou:

  • Pou n pi byen konprann pasyan nou yo ak kominote nou an. Orijin moun yo ak idantite yo ka afekte sante yo. N ap kapab ba ou pi bon swen si nou gen plis enfòmasyon sou ou.
  • Bay pwogram ak sèvis pou sèvi ou pi byen, tankou sèvis entèprèt ak sèvis sante nimerik. Nou konsidere divèsite pasyan nou yo nan moman planifikasyon sèvis sante nou yo. Pa egzanp, nou bezwen konnen preferans lenguistik pasyan nou yo pou nou asire n nou gen sèvis entèpretasyon ak tradiksyon ki apwopriye.
  • Redui inegalite nan swen yo epi amelyore kalite swen nou yo. Lè nou konpare rezilta sante diferan gwoup pasyan yo, nou ka pi byen konprann ki jan n ap fè pou nou atenn objektif nou pou bay chak pasyan yo pi bon swen. Konprann rezilta sa yo pèmèt nou modifye fason nou bay swen yo, si sa nesesè.
  • Reponn ak egzijans federal ak nasyonal yo. Nou pa janm bay gouvènman an enfòmasyon pèsonèl ou yo. Men, menm jan ak tout founisè swen sante yo, nou suiv règleman yo pou nou konprann pasyan n ap ede yo epi amelyore swen nan tout peyi a.

Ki enfòmasyon yo mande ou?

Nou poze tout pasyan nou yo kesyon sou:

  • Ras: Idantifikasyon yon moun nan youn oswa plizyè gwoup sosyal ki ka chita sou karakteristik fizik, sosyal ak/oswa biyolojik. 
  • Orijin etnik: orijin yon moun defini atravè nasyonalite li, zansèt li, eritaj li ak tradisyon kiltirèl li. Pami egzanp yo, an nou site "Vyetnamyen" oswa "Ganeyen."
  • Etnisite: Orijin Ispanik, Latino, oswa Espanyòl: Yon kalite orijin Etnik espesifik – moun ki gen orijin Espayòl, Kiben, Dominiken, Meksiken, Pòtoriken, Ameriken Santral Sid, ak/oswa lòt kilti oswa orijin etnik espanyòl. 
  • Lang: Lang yon pasyan santi li pi konfòtab pou l pale lè l ap kominike ak pèsonèl medikal la.
  • Oryantasyon seksyèl: fason yon moun defini atirans emosyonèl, womantik ak seksyèl li pou lòt moun.
  • Idantite seksyèl: santiman yon moun genyen de pwòp sèks li. Pafwa sa rive pou li pa koresponn ak sèks legal moun nan. 
  • Sèks yo te bay depi nan nesans: sèks yon klinisyen te bay yon moun depi lè li te fèt.
  • Sitiyasyon andikap: Kit yon pasyan gen andikap oditif (pou tande), vizyèl, koyitif, mobilite, kominikasyon oswa lòt andikap ki ka afekte fason y ap resevwa swen.
  • Faktè sosyal sante yo: faktè ki pa klinik tankou aksè a manje ekilibre, bon jan kalite lojman, transpò fyab ak estabilite finansyè. Akoz enpòtans yo genyen nan sante, idantifye ak metrize faktè sosyal sante pou pasyan nou yo se yon bagay enpòtan nan angajman nou pran pou nou bay chak pasyan yo yon pi bon swen.

Ki moun ki pral wè enfòmasyon yo? Kòman y ap pataje yo?

Enfòmasyon sa a konfidansyèl. Nou itilize enfòmasyon yo sèlman si yo nesesè pou nou bay swen yo. Enfòmasyon ou yo toujou pwoteje. Dosye medikal ou aanba pwoteksyon lalwa.

Aprann plis sou dwa w nan kad pwoteksyon vi prive antanke pasyan.

 

Si mwen pi alèz pou mwen bay enfòmasyon sa yo san mwen pa pale ak yon moun?

Pòtay pasyan myChart nou an konfigire pou pèmèt ou antre enfòmasyon sa yo epi mete yo ajou tou.

Vizite myChart.

Jwenn plis enfòmasyon konsènan myChart.